
Legacy Live Virtual Performance Ak Ralph Menelas
pa Disip · 2020 · kompa · 8:30 · Kreyòl ayisyen, Fransè
Uit minit trant — moso ki pi long nan tout blòk Disip la, epi sèl anrejistreman live ladan l. Out 2020, sou yon chanèl ki rele Konpaevents, ak Ralph Menelas. Tit la mete "virtual performance": se yon konsè san foul, nan yon ane kote sal bal yo te fèmen epi kote gwoup yo te oblije jwe devan yon kamera.