
Imparfait
pa Harmonik · 2023 · kompa, kompa-gouyad · 6:54 · Kreyòl ayisyen, Fransè
Imparfait se pi long moso nan trèz ki soti 9 fevriye 2023 yo: sis minit senkannkat, kont kat minit diznèf pou pi kout la. An franse mo a gen de sans — sa ki pa pafè, epi yon tan gramatikal pou aksyon ki pa fini. Tou de mache pou yon chante relasyon, epi Harmonik pa chwazi ant yo.